“Konkou Entènasyonal sou Elokans”, Rose Lumane Saint Jean, yon kapwàz pami 8 finalis “Prix du public TV5 Monde 2021” an

370

04/18/2021

Pari_____(TRiboLAND) Fyète kapwàz! Rose Lumane Saint Jean ki se yon natif natal vil Kap Ayisyen jwen yon kalifikasyon an final nan gwo kòkènn chenn “Konkou Entènasyonal sou Elokans” avèk l’Université Paris 1 Panthéon-Sorbonne. Rose Lumane ki reyèlman enpoze li nan yon parèy konkou, “fè fyète peyam ake jenès lakayam”, dapwè majistra vil Kap Ayisyen an, Yvrose Pierre ki tap depoze av`ek kontantman.

Rose Lumane Saint Jean fè pati 8 finalis pou 4 “Prix du Public TV5 Monde 2021” an ki pral kloture 25 me 2021 pwochen. Konsa, entènot yo pral deside atravè vot, yon fason pou desène yon parèy “Prix” bay oratè ou oratris ki kolekte plis vot selon pèfòmans yo nan demi-final ki te fèt nan Sorbonne 14 avril dènye a.

Nou di Rose Lumane Saint Jean bòn chans, pandan nap ankouraje tout moun vote anlyn pou li!

Comments are closed.