Ta sanble se pou tout bon! Konsul jeneral Ayiti a nan Orlando detèmine pou amelyore kalite sèvis yo pou kominote ayisyèn nan

691

04/18/2021

Olando, Florid_____(TRiboLAND) “Se konsula ki supoze tande kominote a, se pa kominote a ki pou ap tande konsula”, se deklarasyon Konsul Jeneral Ayisyen an nan Olando, Herwil Gaspard ki pa sispann demontre volonte li pou bay ayisyen kap viv nan Nò Florid la satisfaksyon nan remanbwe ak bay jarèt kalite sèvis ke yo ap delivre nan kominote sila.

Yon Konsul ki envite ou mete espas konsula a disponib e gratis pou konpatriyòt anyisyen yo ki ap evolye nan milye atistik, biznis, entrepenerya sosyàl, aktivite kiltirèl ak edikasyon, se yon demach ki merite yon “Ochan” e ki fè yon gwo diferans nan kalite tretman ke kominote ayisyèn nan te konnen jwen nan men responsab yo nan tan pase.

Kontrèman ak kèk lòt  Konsul ayisyen ki nan kèt lòt peyi, bwàt diplomatic ayisyen an ki nan Olando voye yon sinyàl klè ki montre vrè atribisyon yon konsula ki genyen sousi pou moun ke li reprezante yo.

Comments are closed.