Yon jèn gason byen anganm pèdi vi li nan yon aksidan machin nan vil Pòdpè

03/08/2021
Pòdpè______(TRiboLAND) Loubens Chéry, 18 lane, se non yon jèn gason e moun Cabarè, depatman Nòdwès ki mouri nan yon tèrib aksidan nan Podpè, zòn nan Orèl, après-midi lendi 8 mas 2021 an.
Aksidan sa rive nan moman yon kamyon ki konn abitye transpòte materyo konstriksyon, imatrile TM-30504, te monte sou viktim nan ki te sou yon motosiklèt 110, selon jij depè Tribinal depè Podpè a, Me Paul Blanc ki t’al fè konsta legal la.
Toutswit aprè konsta, Mèt Blanc, te pase lòd pou al depoze kò viktim nan, nan mòg lopital Imakile Konsepsyon Podpè a.
Fòk nou di, après tèrib aksidan sikilasyon sa a, chofè a ki pat pran tan pou l te pran lafuit yon fason pou popilasyon a ki te vrèman ankòlè pat fè ladènye sou li.
Saint Jean Wiskis







La vie est ainsi. Ti jènòm lan mouri san kite okenn tras.
Triboland Mombin-Crochu