Sinyati yon pwotokòl akò ant HSI ak PNH

994

10-13-2023

Selon enfòmasyon ke Police Nationale d’Haiti (PNH) ak Homeland Security Investigation (HSI) rann piblik, yon potokòl akò konte sinye ant 2 pati yo.

Apwè ke yon delegasyon ki te genyen nan tèt li, Minis Jistis la ki antre nan Wachennton, gouvènman ayisyen ak ameriken konsanti sinye yon pwotokòl akò nan jou kap vini yo. Akò sila ki pral ratifye anba dizon lobedyans Homeland Security Investigations (HIS) ak Police Nationale d’Haiti (PNH), ap genyen pou objektif konbat krim transnasyonal, espesyàlman trafik ilegal zam ak krim finansyè.

Anpil fwa, anpil politichyen ayisyen sinye “akò mèt dam” ki vann tout yon seri dwa ak souverènte peyi Dayiti. Se yon seri akò tèt chat ou apatrid ki fèt sou baz enterè mesken e pèsonèl pou rine finansyèman peyi a, vann dwa grandèt ak libète pèp ayisyen nan enterè pwisans kolonyàl yo, dapwè Jule Cantave, ki kwè ke li difisil pou pèp ayisyen an fè 2 pati yo konfyans.

Comments are closed.