Me ki sa TRiboLAND konnen nan sa ki fè peyi Rwanda genyen zewo mòtalite nan Kovid-19 la

0 400
  • Jiska yè Lendi 13 Avwil la, peyi Rwanda genyen omwens 1/3 ka konfime kovid-19 li yo geri e li pa anrejistre oken ka lanmò.
  • Rwanda anrejistre yon total 127 ka konfime.
  • Dapwè Dr. Sabin Nsanzimana, Direktè Jeneral Sant Biomedikal Rwanda esplike kòman yo trete pasyan kovid-19 yo:
  1. Pwemye bagay se chèche moun ki enfekte yo avan menm yo moutre siy.
  2. Trete sentòm yo avan yo parèt.
  3. Estabilize kò ak ògann yo tout otan sa nesesè.
  • Dapwè Dr. Nsanzimana, pa genyen yon dwòg espesifik pou Kovid-19, fe maladi a kapab desann otomatikman sentòm yo trete menm avèk dwòg ki deja disponib.
  • Pa egzanp, “si yon malad bezwen oksijènn, nou bay li e apwè sa kò a pwodwi antikò e li estabilize. E lè tanperati kò ase wo, nou itilize antipiretik pou desann fyèv la, e lè yon malad ap touse, nou itilize medikaman anti-tous; men sa tou depann ki kalite sentòm malad la pwezante”, dapwè Dirèktè a.
  • Malad ki gen kondisyon maladi kwonik e ki trè vilnerab tankou azma oubyen dyabèt, doktè yo trete kondisyon sa yo nan sant tretman ki pou Kovid-19 la sèlman. Konsa, ou jwenn anpil ki geri e egzeate malgre yo genyen kondisyon ki fwajil. Doktè yo reyèlman kontan nan fason ke yo fè sa avèk siksè.
  • Yo trete kondisyon malad yo genyen an, e apwè sa yo redwi enkonvenyan kowonaviris la avèk tretman sentòm yo. Konsa, malad yo devlope anti-kò yo imedyatman.
  • Dapwè Dr. Nsanzimana, genyen 3 dwòg ke nou itilize nan tretman an ki espesifik pou viris la, ki toujou nan nivo eseye paske poko genyen yon dwòg ki konfime sou mache entènasyonal la.
  • Dwòg yo se: Lopinavir/ritonavir ke peyi Rwanda toujou itilize pou trete oubyen pwevni SIDA, Hydroxychloroquine ke moun toujou pran pou trete malaria e Remdesvir, yon medikaman antiviral ki koulya yap etidye kòm yon tretman posib pou kowonaviris.
  • Pou ki sa Rwanda pa gen oken ka mòtalite? Gen anpil faktè ki kontribye ak chif zewo sa pou Rwanda. Pa ekzanp : test te moun pi bone, menm avan yo devlope konplikasyon. Se pa paske malad yo pi jènn, paske gen kèk malad ki aje ki depase 60 lane, e yo tout geri nòmalman. Rezon an pa petèt laj moun nan, men tretman ki fèt pi bonè a. pou koulya, yo pa ka di ke sa pa ka rive demen, men yo fè tout sa yo kapab pou pwevni sa.
  • Dr. Nsanzimana sètifye ke yo pa konnen anpil bagay sou viris la, men yo aprann nouvo bagay pwèske chak jou, e espere pwevni efeksyon ak konplikasyon. “Nou dwe pwoteje granmoun yo; paske moun ki nan swasantènn yo kapab devlope anpil gwo konplikasyon. Nou pwoteje yo lè nou refize rete tou pwè yo, nou pa anbwase yo, nou pa pataje menm asyèt ou materyèl kwizenn avèk yo e latriye.
Leave A Reply