Pòdpè /Jistis : Jij Paul Blanc fè yon rekil nan sistèm jistis la

1,837

08-20-2022

Pòdpè, Ayiti ______ (TRiboLAND) Depi plis pase 8 jou, Jij Titilè Tribinal Depè Pòdpè a pa vin nan biwo, absans nimewo 1 Tribinal se swit ak zafè zam ak minisyon Ajan Dwanye yo te dekouvri nan bato Pòdpè nan mwa jiyè ki sot pase a. Daprè deklarasyon Jij la, lapolis ap chèche pran li nan 3 wà pèdam.

Nan dat 10 dawout ki sot pase la, gen yon patwouy UDMO ki vin nan biwo-l pou di-l Direktè Depatmantal PNH Nòdwès la, Bruce J. Myrtil ap mande pou li. Yon envitasyon sispèk e Paul Blanc deklare, tout otorite ki te entèvni nan zafè zam ak minisyon yo ap sibi anpil pèsekisyon.

Jij Paul kontinye pou di, DDNO PNH la mete Lajistis nan depatman ajenou, e nan dosye katouch yo gen yon bagay ki kache, paske nan rapò BAFE a mansyone se pou yon gwo otorite Leta zam ak minisyon yo ye, jis konnya peyia poko konnen ki otorite ki te mèt yo.

Jij la di tou, se amatè batiman ki te fè Ajan Dwanye yo dekouvri katouch yo. Kòd maritim lan pwoteje pwopryetè bato yo nan yon seri bagay ki rive nan bato yo; se pati sivil la ki konsène yo, yo pa genyen anyen pou wè ak pati penal la.

Aprè 31 lane nan aparèy Jistis la, Majistra Paul Blanc deklare: pa gen Jistis e li pran rekil li se paske li pat vle pou nèg yo te al imilye li.

Comments are closed.