Nòdwès: Inondasyon nan Jan Rabèl

465

04/05/20


Jan Rabèl______(TRiboLAND) Gwo lapli san rete k ap tonbe sou depatman Nòdwes la pa fè dega nan Wonòdwès sèlman kote gen divès katye popilè nan vil Pòdepè tankou: Latandri, Sitemakso, Nankasav, Dewoulen…..,pou n site sa yo sèlman, plonje anba dlo, fatra ak labou san kote flèv TroisRivières ki bwote tout sa peyizan yo te posede al depoze nan fon lanmè.


Se menm konsta a nan komin Jan Rabèl kote ke samdi 3 avril 2021 an pou rive jounen lendi 5 avril 2021 saa pou komin Jan rabèl ki konplètman ap naje nan dlo.

Selon enfòmasyon TRIboLAND dispoze, dlo rantre nan tout Kay ki nan vil Janrabèl ata menm Seksyon kominal yo Pa epanye. Pa gen moun ki mouri men bagay yo reyèlman makawon.
Jaden, bèt , kay ak tout sa abitan yo te posede nan kanton an, tout disparèt anba kòlè gwo lapli saa ki kontinye ap tonbe sou depatman Nòdwes la.

Yon sous endike, tout aparèy nan Leta a sanse mobilize pou vin bay jarèt ak sila yo ki viktim nan komin Jan Rabèl puiske lanati te ankòlè nan moman prezidan defakto a, msye Jovenel Moïse t al pase weekend Fèt Pak la. Li te tou pwofite pandan pasaj li nan Mòl Sen Nikola, vizite popilasyon Jan Rabèl la kote pwomès tout kalte te fè mikalaw.

Saint Jean Wiskis.

Comments are closed.