Vrè richès yon moun, se tout bon bagay li fè nan monn sa

0 358

Nan tan lontan, tankou nan kontinan: Afwik, Azi, e nan twadisyon Endyen yo, richès yon mount e toujou mezire nan fason li pwan bonjan swen pitit li. Tradisyon toujou rekòmande pou fè timoun e kontinye travay ou pandan wap kontwibye fè sa ki bon nan monn sa. E si pa gen timoun, richès kapab mezire selon sa ou fè. Eske ou vann bonjan pwodwi? Eske ou kreye bonjan ti objè artistik? Eske ou bay kliyantèl ou a yon bon sèvis? Eske lòt moun pale byen de ou? Eske ou aji de fason ki onèt avèk lòt moun? Eske ou toujou genbe mo-ou? Eske ou depann de lòt moun? Eske ou toujou mete-w disponib pou lòt moun? Eske moun ka fè-w konfyans nan fènwa? Konsa, lè ou adisyone tout vale say o ansanm, wap fini pa reyalize ke repitasyon-w se richès ou! Ou dwe fyè de tèt ou. Bat yon gwo bwavo pou tèt ou!

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply