3 moun disparèt nan moman yon rivyè bwote yon ti bis nan Bèladè

05/30/2021
Bèladè_____(TRiboLAND) Yon ti bis ki te genyen 18 pasajè ki t’ap soti Pòtopwens pour antre Laskawobas pran anba lavalas dlo rivyè Lagua samdi 29 me 2021 an. Aksidan sa ki lakoz 3 moun disparèt alòske 15 lèzòt arive sove lavi yo.
Selon Yvanosky Joachim ki se vis-delege arondisman Laskawobas la, se reyèlman revòltan pou moun ap mouri akoz yon seri endividi ki bloke wout la sou pwetèks y’ap revandike, dapwè sa Joachim te konfye Le Nouvelliste.
Pou li menm, koz la se blokaj sistematik wout pwensipal la apwè yon pakèt tansyon ki t’ap pran jarèt depi plizyè jou sou twonson wout ki konekte Bèladè ak Mibalè a lè w’ap pase pa Laskawobas. Vis-delege a rabat pou’l di ke “yo pa kapab ankò ak yon parèy sitiyasyon anndan peyi a.”






