Yon mapou tonbe nan fanmi Saint Jean an nan dat 30 Desanm 2019: Elumême Saint Jean alyas “Ton Mèm”

0 551

Elumême Saint Jean, tout moun konnen sou non “Ton Mèm,” se 3èm pitit gason Élie Saint Jean ak Suzanne Pierre. Elumême Saint Jean, fèt nan 1er seksyon kominal Jean Rabel “Lokalite Boulanger” nan lanne 1944.

Nan laj 6 zan, papa Elumême ki se Élie Saint Jean, te voye l lekòl Pòdpè, lekòl Nasyonal Cappoix Lamort kote l te rive nan klas mwayen ll sa tout moun rele jounen jodi a 6èm AF la.

Elumême Saint Jean ki pase yon bon bout tan nan Pòdpè, te retounen lakay li, Boulanger, kote l te livre li nan travay latè. Gwo travayè douvan Bondye Granmèt la, se gras ak sa li rive edike, fòme plis pase yon ventèn pitit gason ak pitit fi ki soti nan zantray li.


Nan lanne 1964, Elumême Saint Jean, te fè pwemye pitit gason l ak yon dam ki pote non Elianise Doriné. Gason sa a, ki rele Junior Saint Jean ap viv aktyèlman nan Miami, Florid. Soti nan finisman lanne 1964 pou rive nan lanne 1965, Elumême Saint Jean te marye ak Tradélie Kola kote yo te rive fè 7 pitit, pami yo ou jwenn Wiskis Saint Jean, jounalis byen konu e pwofesè nan vil Pòdpè.

Apati 1980 pou rive jounen jodi a, Elumême Saint Jean te divòse ak kesyon travay latè pou l te feraye nan domènn Wangan, yon pwatik kit e ede l sove anpil kretyen vivan nan peyi Dayiti ki t ap soufri ak pèsekisyon lèzòm.

Selon temwanyaj anpil Pitit fèy li yo, Elumême Saint Jean se yon gason ki konn anpil kichòy ni nan domènn kase fèy ni nan domèn trètman. Pitit fèy sa yo kontinye pou di gen anpil wangan parèy li ki met chapo ba douvan l paske menm wangan sa yo, lè yo pa kapab trete yon maladi, se nan men Ton Mèm yo te konn al chèche ranfò.

Chak bagay se pou yon ti tan. Apati 2010 sante Ton Mèm te kòmanse detèryore. Se konsa nan dat 24 Desanm 2019 la, yon kriz tansyon te jete l. Mennen l nan lopital Béraca, Lapointe des
Palmistes, nan dat 3O Desanm 2019 e se la souf li te etènn nan laj 75 lanne.

Se anpil moun nan Nòdwès ak nan lòt Depatman yo, sitou sila yo Ton Mèm te konn retire anba grif malfektè, gen dlo ki kontnye ap koule nan zye yo pou disparisyon gwo potorik gason sa a ki kite dèyè plis pase yon ventènn pitit fi melanje ak gason san konte yon trantèn pitit a pitit.

Veye ou fineray Ton Mèm ki konte fèt nan Bitasyon li, Boulanger, gen pou anonse avan lontan espesyàlman a tout say o ki se pitit fèy! Ke nanm li repose nan Lapè.

Saint Jean Wiskis, Pitit ené fanmiy lan

Leave A Reply