Arnel Belizaire, ansyen depute 49èm lejislati-a file tankou zangi anba men lapolis

0 514

Sen Mak___(TRiboLAND) Plizyè inite nan PNH la nan vil Sen Mak Vandredi 29 Novanm 2019 pi pwesizeman nan lakou Otèl Troquet Café Théâtre te mobilize pou yo te mete lapat sou ansyen depute Delmas ak Tabarre,  Arnel Belizaire ki genyen yon manda damne kap swiv li pou menas sibvèsif kont leta.

Arnel ki tap bay yon konferans te repliye e arive tronpe vijilans ajans Brigad entèvansyon ak rechèch (BRI), SWAT ak DCPJ ansanm avèk yon jij depè jiridiksyon Sen Mak la te detèmine pou pwosede ak arestasyon ansyen depute-a ki te file kon zangi.

Yon sitiyasyon panik ki te okazyone anpil kout zam ak yon manifestasyon pwesipite ak barikad e kawoutchou ki tap bwile. Arnel belizaire arive fofile e chape pou-l li e operasyon ajans lòd yo echwe!

Leave A Reply