Mouvman Nasyonal pou Transparans “Toutouni” antame yon kanpay pou lapè ak estabilite atravè yon akò global pou 25 pwochen ane yo

300

03/26/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Mouvman Nasyonal pou Transparans “Toutouni”,  atravè yon deklarasyon, ap mennen yon kanpay nan konjonkti aktyèl la ke yo estime ki make san. Li mande yon kanpe, yon kanpe pou chita, yon chita pou nou pale, yon pale ki mande yon tèt kole pou adopte yon akò global san esklizyon ki kapab garanti estabilite, lapè ak pwogrè pou omwens 25 pwochen lane yo.

Selon Jorchemy Jean Baptiste, Jean Frtiznel René e Pascal Adrien ki se majò jon MNTT a, yon parèy demach ap benefisye tout antite sosyàl konsène yo. Gran Toryan ki trè jèn e ki parèt pi granmoun e responsab nan koze peyi, deklare ke etap tranzisyon pou te divòse ak yon rejim diktate pou yon Ayiti demokratik, pat janm arive materialize.

Mouvman Nasyonal pou Transparans Toutouni, envite tout aktè konsène yo fè yon fwon komen pou yon nouvo pwopozisyon ki kapab definivman materialize yon “dènye tranzisyon” atravè yon “Akò Global” pou devlopman sosyàl ak ekonomik, dapwè responsab MNTT ki tap depose sou youn nan radio nan kapital la.

Comments are closed.