Gonaiv: Yon lòt ka kidnapping anrejistre ankò nan Site Endepandans lan

376

12\02\20

Gonaiv_____(TRiboLAND) Bandi sangwen ke moun pa arive idantifye kidnape manman 7 ti lè zanj, Madanm Clucie Deshommes samdi 28 novanm 2020 vè 7 è nan aswè nan riyèl Laforè tou pre wout Dat la, nan vil Gonaiv.

Selon deklarasyon mari Clucie ki se Charlienor Augustin, kidnapè yo ta mande yon ranson an echanj 100 mil dola ameriken pou liberasyon madanm lan. Konsa, bandi sangwen yo ki te oblije desann tèt ranson an a 75 mil dola ameriken te bay fanmiy lan jiska yè lendi 30 novanm nan pou yo vinn pran koli a paske yo pa gen depo, daprè sa yo deklare. Kidonk, Charlienor ki konnen ke li pa genyen yon goud Lesko, oblije anba gro menas mande konkou SDPJ nan Gonaiv yon fason pou arive retrouve madanm nan.

Antouka, nan dènye jou sa yo, zak kidnapping kòmanse ap bay gro panik nan Site Endepandans lan. Sa pa gen lontan, fòs lòd yo nan vil Gonaiv te arive poze lapat sou plizyè prezime kidnapè ki ta sanble genyen men yo tranpe nan anlèvman Liane Saintilma 23 lane. Se yon veritab toudisman nasyonal ki pa sispann lage dèy ak tèrè nan tout bout kwen atravè peyi a, notamman nan yon vil ki deja genyen tròp sou do’l.

Comments are closed.