Bandi sangwen kidnape 5 moun pami yo yon majistra nan Komin Basen Ble

440

03/23/2021

Laplàt, Basen Ble_____(TRiboLAND) Bandi sangwen kidnape pa makònn 5 sitwayen lendi swa 22 màs 2021 an nan Laplàt, premye seksyon komin Basen Ble.

Selon sa ki rive jwen TRiboLAND, anpil gro kout zàm t’ap chante nan lokalite Laplàt, kote ke bandi anvayi lokalite a lanwit avèk gwo manch long e kidnape kay an kay 5 sitwayen notàb nan zòn nan. Pami endividi sa yo, genyen Mis Milouse Rousier, ki responsab Sant Sante Duga e ki egalman dezyèm majistra komin Basen Ble, daprè enfòmasyon ke Tony Manigat, pwemye majistra a te konfye TRiboLAND.

Konsa, pèsòn moun pa kapab localize viktim yo e oken ranson poko etabli pou liberasyon yo.  Anpil moun rete kwè se kèk nan manm group gang Sen Lwi Dinò yo kap feraye nan zòn Gwomòn, ant depatman Latibonit ak Nòdwès.

Comments are closed.