Fondasyon TRiboLAND delivwe nan Latiplas fòmasyon gratis sou chabon ekolojik pou konbat aktivite koupe pyebwa

123
0
Share:
TRiboLAND

09/12/2026

Latiplas, Basen Ble, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou dekouraje sitwayen yo koupe pyebwa nan divès kwen peyi Dayiti, Fondasyon TRiboLAND ki toujou kenbe pwomès nan sipòte sa yo ki pa genyen yon metye manyèl, ofwi yon lòt fòmasyon gratis nan lokalite Latiplas sou komin Basen Ble nan Nòdwès peyi Dayiti.

Fòmasyon sila ki te plis chita sou fabwikasyon bwason gazez “kola fanta” ak transfòmasyon fatra an chabon ekolojik, te reyini plis pase yon 50 jèn fi kon jèn gason ki te soti nan diferan zòn avwazinant, vandredi 11 septanm 2025 nan lokal ki loje Legliz Pannkot Latiplas la.

Patisipan yo ki te aswafe konesans, te pote boure nan tout sa fòmatè eksperimantal Alexandre Titon te genyen pou pataje. Premye faz atelye a, te plis chita sou apwòch teworik yo; alòske rès jounen an te klotire ak aplikasyon ou pwosesis ou konpozisyon “kola fanta” a, ki ta pral segonde diferan etap fabwikasyon chabon ekolojik la ki te plis chita sou triyaj ak transfòmasyon fatra nan anviwonnman an.

Antouka, depi dig dantan, inyorans ou mizè pa sispann mete anviwonnman an ajenou nan sa ki genyen pou wè avèk aktivite koupe pyebwa. Anpil fwa, otorite yo ki echwe nan misyon yo, pa arive mete resous disponib pou anpeche kansè debwazman ou komès chabon fini ak peyi a.

Konsa, Fondasyon TRiboLAND espere wè sa yo ki resevwa fòmasyon gratis sila sou chabon ekolojik la, kapab pote yon kontribisyon ki agresif nan resisite yon ti miyèt pòsyon nan anviwonnman lakay yo.

Share:

Leave a reply