Chòk nan laprès ayisyèn: Jounalis kiltirèl Richard Alexandre Vedette asasinen anba bal nan Delmas

68
0
Share:
TRiboLAND

10/28/2026

Dèlma, Ayiti _____(TRiboLAND) Jounalis kiltirèl Richard Alexandre Vedette, anpil moun konnen sou non Caonabo, mouri anba bal bandi sangwen, madi 27 oktòb 2026 la, nan Delmas 83. Age de 38 lane, Caonabo se te yon figi enpòtan nan laprès kiltirèl ayisyèn. Li te fonde Vedette Mag nan mwa jen 2021, yon medya ki te angaje l nan pwomosyon kilti ak enfòmasyon nan peyi a. Lanmò jounalis sa a reprezante yon gwo pèt pou sektè medya yo ann Ayiti.

Pandan karyè pwofesyonèl li, Richard Alexandre Vedette te kolabore ak plizyè medya nan peyi a, pami yo Radio Puissance, Radio Métronome, Ticket Magazine, Loop Haïti, Adduction Média ak Sibelle Haïti. Travay li te fè nan domèn jounalis kiltirèl la te pèmèt li make prezans li nan peyizaj medyatik ayisyen an. Disparisyon li anba bal relanse enkyetid sou kesyon ensekirite a ak menas ki kontinye peze sou lavi sitwayen yo, tankou moun k ap travay nan sektè medya a.

Lanmò Richard Alexandre Vedette kite yon gwo vid nan mitan fanmi li, zanmi li, kolèg li yo ak tout moun ki te konn apresye travay li. Pandan kominote medyatik la ap deplore depa li, nou prezante senpati nou bay fanmi li, pwòch li yo ak tout lòt moun lanmò sa a afekte. Se yon nouvo pèt ki vin ajoute nan lis pwofesyonèl medya yo ki viktim vyolans nan peyi a.

Share:

Leave a reply