Lapolis tire, blese e desann chalè youn nan branch manif la nan Okay

1,338

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Tankou jan sa tap klewonnen atravè peyi a, popilasyon pou yon nyèm fwa pran beton an jodi lendi 17 oktòb 2022 nan vil Okay, nan objektif pou raple 216 anivèsè asasina Papa ou Fondatè nasyon ayisyèn nan, Anperè Jan Jak Desalinn. Li te egalman vize pou kontinye ak mouvman protestasyon manch long yo kont gouvènman pro-gang Ariel Henry a ki envite bòt mayas antre sou tè Papa Desalinn nan.

Anba envitasyon Kowalisyon Fòs Revolisyonè Sid ki rasanble yon latriye òganizasyon ak asosyasyon nan popilasyon an. Se konsa, nan moman aktivite rityèl pou mande pasaj bò kote sa moun pa wè yo, lapolis te gonfle ponyèt li pou te etènn souf manif lan depi avan demaraj li.

Mesye PNH yo arive bay branch manif la yon kou pa konprann, yo entèvni e tire avèk bal reyèl sou popilasyon an; yon katafal manifestan blese nan zòn Kwà Dèmati, daprè kèk òganizatè manif plizyè tèt la.

Antouka, entèvansyon tranble janm ajan PNH yo pa anpeche manif lan vale teren, paske yo te planifye li sou plizyè branch yon fason pou yo te ale rankontre nan zòn Kat Chemen.

Comments are closed.