Dosye Village de Dieu a kontinye ap fè anpil lòt revelasyon pami yo yon inite paralèl ki rele “Black Hole”

397

03/19/2021

Pòtoprens____(TRiboLAND) Dosye Village de Dieu pa sispan ap mete deyò yon pakèt kakachat mawon revelativ ki ap pran lari pou yo. Selon Carl Henri Boucher ki t’ap depoze sou Radyo Karaib e ki t’ap tante lave tèt li kòm reselè sou echèk operasyon swisidè a nan vilaj non dwà a, denonse yon inisyativ, (kreyasyon yon inite anndan kò polis la ki rele) “Black Hole”, ki vle di “Trou Nwà” ke Direktè Jeneral defakto Lapolis la, Léon Charles arive mete sou pye paralèlman anndan enstitisyon polisyè a.

Paralèlman, nan entèvansyon ke li te fè jodi vandredi 19 màs 2021 an sou Radyo Mega nan Pòtoprens, Jean Elder Lundi ki se kòwodonatè SPNH la, konfime aprè envèstigasyon egzistans reyèl yon parèy inite ki reyini mèyè eleman ki soti nan zantray G9 e ki genyen nan tèt li gro chèf gang sangwen Jimmy Chérisier, ki se alye gouvènman PHTK a ke depatman Deta Ameriken lonje dwàt jouda sou li kòm youn pami masakrè nan plizyè ghetto nan kapital la.

Elder rapouswiv pou li denonse yon parèy inite “Black Hole” ki genyen pou misyon pou demantle atè plat enstitisyon PNH la. Konsa, ta sanble mèyè eleman “Trou Nwà” a ap touche 500 dola meriken chak semèn. “Se yon kò paralèl ki vize pou antere PNH”, daprè Jean Elder Lundi ki mande tout polisye atravè peyi pou kontinye flanbo mobilizasyon ki pou denonse plan kriminèl Léon Charles ak tout gouvènman Moise – Jouthe ki pa sispan transfòme peyi a an yon veritab lanfè.

Elder deklare, se sèl kesyon planifikasyon lanmò polisye ak fyaskosa Léon Charles vin regle nan tèt direksyon polis la. Nap raple, enstitisyon polis nasyonal la, ki koulya sou pwen pou li disparèt, se te inik fòs sekirite nasyonal ki te rete sou rejim Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK).

Antretan, yon avyon ki ta sanble antre san onè san ti mounchwa e san pase nan imigrasyon, ateri sou pis Ayewopè Entènasyonal Toussaint Louverture jedi 18 màs 2021 an. Selon enfòmasyon yo, ta sanble se yon ekip marin ki vin ranfòse kapasite pèsonèl anbasàd ameriken ke pèp ayisyen an nan jou sa yo akize kòm antite ki pa inosan nan malpwòprete ke peyi Dayiti ap naje ladanl.

Comments are closed.