Etazini ak Lachin dakò yè lendi a pou sispann pifò dwa ladouan yo.

562
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Pou yon peryòd refleksyon pou 90 jou, Etazini ak Lachin dakò pou diminye dwa ladwàn yo. Dapre sa TRiboLAND aprann, se yon akò ki reprezante yon gwo avans nan relasyon komèsyal ant de nasyon yo.

Enfòmasyon yo fè konnen, dwa ladwàn mityèl yo pral pase de 125% a 10%. Sepandan, dwa ladwàn Etazini yo ki se 20% sou enpòtasyon fentanyl soti nan Lachin ap rete an vigè, sa ki fè total dwa ladwàn sou pwodwi chinwa rete a 30%, daprè sa medya ameriken yo presize.

De peyi yo te afime entansyon yo pou kontinye diskite sou politik ekonomik ak komèsyal yo. Devlopman ou kout gidon sila fèt aprè bwasaj negosyasyon yo ki te fèt ant reprezantan komèsyal Etazini ak Lachin, ki te fèt weekend pase a nan peyi Swis.

Share:

Leave a reply