Yon ensidan pwodwi nan lokalite Nan Mawo, komin Tigwav.

04 – 21 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Tertus Noël, se non yon sitwayen kap viv nan lokalite Nan Mawo, komin Tigwav, denonse jounen lendi 20 Avril 2026 la, endividi yo pa rive idantifye, mete dife lakay li jou dimanch 19 Avril lan, ozanviwon 9 vè nan maten.
Daprè viktim nan, ensidan sa a rive, nan moman tout fanmi lan, te ale legliz. Mesye Tertus deklare tout sa yo te pwosede nan kay la pase anba dife, pami yo, papye enpòtan yo, tankou, batistè, kaban’n yo dòmi, lajan yo di yo prete nan biwo kredi, yap sanble pou remèt. Pandan l esplike malgre entèvansyon vwazinay yo, sa pa anpeche bagay yo boule.
Toutfwa, Tertus Noël, fè konnen fanmiy lan, apèn genyen 19 jou depi yo vin abite nan kay la, se nan zòn Ladig yo te rete, li presize, se ouwagan Melissa ki kouri dèyè yo. Li mande sipò otorite yo, ak tout lòt moun ki nan kominote a kap gade e kap tande, pou ede li jwen kichoy pou l viv ak fanmiy li, akoz yo pèdi tout say o te posede.






