43 ka kovid-19 nan pwizon Ndolo: gouvènman Kongolè a anba gwo kritik

0 416

Kinshasa____(TRiboLAND) Anons sou 43 moun ki kontamine avèk kowonaviris la yè vandredi 1 Me, soulve anpil endinyasyon, espesyalman pami asosyasyon kap defann dwa moun nan Kongo.

Pwizon militè Ndolo nan Kinshasa touche anba kovid-19. Plis pase yon 43 ka kontaminasyon detekte, dapwè minis congolè Sante Piblik la, Dr. Eteni Longondo ki rapòte ke viris la ta sanble arive penetre nan pwizon an avèk pwezans “yon fanm ki te vini depoze manje.”

Risk pou pwopagasyon viris la nan yon seri pwizon ki boure ak moun nan RDC, te deja konsidere bò kote otorite kongolè yo ki te deja anvizaje nan kòmansman mwa Davwil la liberasyon plis pase 1,200 pwizonye. Anplis, obsèvatè Dwa Moun yo pat manke atire atansyon otorite yo sou divès risk pwopagasyon kovid-19 la nan pwizon yo ki plen ra gagann ak sa yo ki nan yon eta sal.

Anpil nan òganizasyon kap pare kou pou dwa moun deklare ke yo gen gwo tèt chaje sou fason otorite yo ap jere kriz kowonaviris la. Repons gouvènman apwè dekouvèt 43 ka kovid-19 yo pa anpeche yon òganizasyon tankou JUSTICIA Asbl, asosyasyon defans dwa moun kontinye kritike sevèman otorite an plas yo. Yo kalifye neglijans notwa gouvènman an atravè divès ministè tankou Jistis, Sante ak Defans. Paske pat janm genyen twòp gwo dispozisyon ki te pran pou evite pwopagasyon viris pon gongon an.

Se vwe gen anpil mezi gouvènman an pran apwè nouvèl sa; sepanda enkyetid yo pa sispann ap vale teren. Kantite moun ki kontamine yo ap ogmante chak jou nan Kongo. Se vwe gen anpil mezi gouvènman an pran apwè nouvèl sa; sepanda enkyetid yo pa sispann vale teren. Kantite moun ki kontamine yo ap ogmante nan Kongo. Yè swa, chif ofisyèl yo te a 604 ka konfime swa yon total 579 sèlman nan Kinshasa, 75 geri ak 32 desè.

Leave A Reply