Kou Penal Entènasyonal lanse yon manda dare kont chèf Leta Larisi a.

1,284

03-17-2023

Kou Penal Entènasyonal lanse yon manda darè, jounen vandredi 17 mas 2023 a pou prosede ak arestasyon prezidan peyi Risi a, kidonk Vladimir Poutine, pou tèt li ta komèt krim nan lagè Ikrèn nan.

La È, Peyiba_(TRiboLAND) Nan yon kominike ki pibliye jounen vandredi 17 mas 2023 a, e ki genyen anprent Kou Penal Entènasyonal, ki syeje nan peyi Lawoland, otorite enstitisyon sila anonse, yo desène yon manda pou arete prezidan peyi Larisi a, Vladimir Poutine, pou tèt li ta komèt divès krim nan lagè kont Ikrèn nan.

Otorite CPI yo fè konnen, prezidan peyi Risi a, kòmanse komèt koulè krim sa yo depi nan dat 22 fevriye 2022. Depòtasyon ilegal yon latriye timoun ikrenyen responsab ris yo voye nan peyi Larisi oubyen sou teritwa kote Larisi okipe nan Ikrèn.

Nan sans sa a, otorite Lakou a fè konnen yo pa rekònèt iminite yon chèf Leta nan zafè krim yo komèt nan lagè, kont dwa moun ak jenosid. Aloske, Krenmlen voye jete yon parèy manda ke li kalifye san sans.

Anpil kesyon ap poze nan mond lan pou konnen, sou ki sa manda sa a pral debouche? Yon dosye TRiboLAND ap swiv ak anpil enterè.

Comments are closed.