Fiziyad endinye: 5 kadav ap naje nan san sou Pòtay Leyogan

846

02 – 15 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Pandan lanwit 14 fevriye 2024 la, popilasyon nan zòn Pòtay Leyogan viv youn pami yon latriye gwo krim kap baleye sosyete ayisyèn nan.

5 kadav anrejistre, apwè yon ekip san sal ame ki te sou yon zoreken mak Toyota Land Cruiser ki genyen logo lapolis ouvè zam sou yon latriye sivil inosan kap benyen nan san depi Ri Oswald Durand, Pòtay Leyogan, rive jous bò kote fakilte medsinn Inivèsite Dayiti.

Kanaj sila arive fèt, kèk tan apwè asasinay Hector Roobens, yon ajan SWAT ke endividi ki pa idantifyàb krible anba bal nan apwèmidi 14 fevriye 2024 la, nan menm lokalite a.

Nap soulinye, temwen ki te pwezan, ta lonje dwat jouda sou yon machin lapolis ki te chaje ak sangwen sivil ame jous nan dan.

Comments are closed.