Lapolis ak bandi sangwen nan Kwà Dèboukè twoke kòn yo

1,630

09/03/2021

Kwà Dèboukè______(TRiboLAND) Apwè gwo demonstrasyon gwoup gang sangwen “400 Mawozo” pandan 3 jou nan komin Kwà Dèboukè, fòs lòd yo an revanj pase alaso e alaksyon nan zòn Belanton nan Kwà Dèboukè. Enfòmasyon yo fè eta de plizyè moun ta mouri nan moman yon parèy lese fwàpe.

Yon kontre kòn ki fè yon pakèt zàm chante vè 6:00 pm nan yon rejyon kote majorite katye yo deja enfekte e kontwole anba men gang santifò ki pa bouke teworize popilasyon Kwà Dèboukè a chak jou Bondye mete.

Paralèlman, plizyè rejyon metwopolitèn nan Pòtopwens te an cowboy akoz gwo kout zàm ki tap chante nan tout bout kwen ki te lage panik jeneralize nan moman gwoup gang sangwen ki genyen nan tèt li chèf gang kriminèl Jimmy Cherisier alas “Barbecue”, ki deklare lagè ouvètman bay tout fòs legal anndan peyi a e kontinye ap piye e touye nan non sèvis sosyàl.

Comments are closed.