Lafrans dispoze 11 milyon ewo pou Fonds Haitien Biodiversité

239

02/20/21

Pòtoprens______(TRiboLAND) Nan kàd yon patenarya tou nèf, Agence Francaise de Développement (AFD) favorize Fonds Haitien pour la Biodiversité (FHB) yon magogo 11 milyon ewo, daprè sa Anbasad peyi Lafrans lan fè konnen.

Yon parèy magogo pràl bay yon jarèt ak resous pèmanan ki pràl pèmèt ranfòse aksyon yon seri aktè ayisyen ki gen pou misyon pwoteje anviwonnman an ak biodivèsite a. Asistans sa yo tou pràl kore pi plis toujou bon fonksyonnman administratif Fonds Haitien pour la Biodiversité a.

Pou Anbasad Lafrans ki nan Pòtoprens, anpil fanmiy ayisyen ap pran lanm e yo konte sou anviwonnman an pou jwen manje, travay ak chèche lavi tankou: peche pwason, fè elvaj ak plante latè; konsa, se poutèt sa AFD konsidere anviwonnman an kòm youn nan sektè nan peyi Dayiti ki merite yon entèvansyon pwiyoritè.

Comments are closed.