Pòdpe: Yon group malere ki te travay nan lojistik pou kanaval la pase move moman anba men lapolis pou reklamasyon fòs kouraj yo

203

02/20/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Aprè dans tanbou lou! Yon group ki tap travay nan lojistik ak sekite pou festivite kanavalès Pòdpè a, pase move moman anba men lapolis lòske yo te prezante devan Mèri Pòdpè a pou reklame 3 jou travay yo.

Deblosaj, bastonad, rele amwey, gwo kout zam ak mekontantman lakoz travayè sa yo ki fè tèt yo pase kòm viktim pran wout laprès pou pwoteste kont konpòtman krapile ak represif fòs lòd yo ki maspinen plizyè pami malere sa yo ke swadizan majistra Josué Alusma ta gen difikilte pou peye 3 jou gra; ki te pito 3 jou mèg pou ekip sa a ki t’ap travay san manje pandan festivite yo; yon pwomès ke responsab yo pat onore akote gde 15,000 pou 3 jou gra yo!

Comments are closed.