Avèk men ou, ou kapab fè suksè; avèk men ou tou, ou kapab detwi suksè

444

Kle suksè pa nan sa wap fè, men ou jwenn li nan fason ou santi-w nan sa wap fè. Li enposib pou pwan yon senp lide pou ou finalman fè yon gwo suksè ladan-l. Nou panse moun ki arive fè travay di sa, toujou gen lòt moun ki pou sipòte yo. Nou kwè ke yo pi entelijan, pi rich, e pafwa befefisye plis ke nou menm.Konsa, sa nou pa ka wè e mezire trè souvan se atitid lòt moun afiche lè yo antrepwann yon bagay.

Suksè kòmanse ak yon atitid pozitiv; se pi gwo asèt yon moun ka posede. Se pa tou senpleman konsa yon moun arive monte yon do kay. E yo kab fè tout sa ke yo kapab nan monte ak desann e menm mande anpil lòt konsèy ki define ki kalite echèl ki ka ede yo fokis jiskaske yo rive touche syèl suksè-a.

Pèsònn moun pa ka achte e ni eritye suksè. Li se yon pwodwi ke moun kreye e li kòmanse ak yon santiman ki pèmèt moun detèmine ki kote yo ye ak yon atitid pozitif nan ki direksyon ke nou vle rive.

Sajès Lakay, TriboLAND

Comments are closed.