Plisyè materyèl “cha kanaval” rive nan vil Pòdpè

415

01/07/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Li te anviron midi nan ren jounen mèkredi ki te 6 janvye 2021 an lòske popilasyon an konstate arive nan Pòdpè plizyè cha kanaval ki sòti nan kapital peyi a. Kidonk, ekipman sa yo ki gare sou chan aviasyon, fè aparisyon yo nan kad preparasyon festivite kanavalès yo ki prevwa dewoule nan site Kapwa Lamò a apati 14,15, ak 16 fevwiye ki pwal vini la yo.

Chapant cha yo ki prezante sou fòm trailer, te arive ateri nan Nòdwès gras ak proteksyon ou akonpayman fòs UDMO yo. Sepandan, gro kesyon ki pa sispan poze nan vil la: eske kantite travay ki pou dekonjesyone nan vil la, notamman eskanp figi chan avyasyon an ki kontinye ap bay lawouli ap gentan pare?

Opinyon yo sou festivite kanaval yo nan Nòdwès pataje. Genyen moun ki deklare pou kantite travay netwayàj, lojistik ak enfwastrikti ke demach sa egzije, se sèten vil Pòdpè ki koulya tèt koupe ak yon depotwa fatra pap gentan pare.

Paralèlman, otorite responsab yo ta sanble ap anvizaje itilize chan avyasyon an kòm episant chofe jarèt ak yayad yo avan demaraj pakou kanaval la.

Jehrbson PETIT

Comments are closed.