Yon group sitwayen pran inisyativ pou amenaje wout Pòs Metye – Mawotyè a

Nòdwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Menase ak neglijans Leta e vyolans kap vale teren sou Wout Nasyonal #5 lan, yon gwoup sitwayen nan seksyon riral yo deside mete tèt ansanm pou repare twonson wout ki sòti Pòs Metye, pase Paskatabwa pou rive Mawotyè.
Wout sa vin pi frekante depi kèk mwa, paske anpil chofè ak pasajè evite travèse zòn Ti Bwadòm kote nèg ak zam ap simaye laterè sou gran wout la. Malerezman, twonson sa chaje ak difikilte, sitou lè lapli tonbe.
Nan zòn Gwàn, plizyè peyizan dekri sitiyasyon an tankou yon kalvè. Gen gwo kamyon ki konn bloke jiska 2 semèn sou wout la akoz move kondisyon sikilasyon an. Sa ki pi rèd ankò, machin konn oblije travèse jaden ak lakou moun, sa ki lakòz domaj sou rekòt yo e menm mete lavi yo an danje.
Pou reponn a kriz sa, sitwayen yo pran desizyon mobilize. Daprè Duverso Miclaire, yo deja kòmanse rasanble mwayen pou mete gaz nan machin ak materyèl Ministè Travo Piblik (MTPTC), epi dispoze frè pou operatè yo. Yo sèlman swete jwenn kolaborasyon ak sipò Direktè Depatmantal MTPTC a pou inisyativ la kapab reyisi.
Nan menm sans lan, Sidonet Anelio, youn nan sitwayen angaje yo, lanse yon apèl bay tout pitit zòn tankou : Pòs Metye, Paskatabwa, Bochan, Mawotyè, Atrèl pou mete men ansanm. “Se sèlman nan solidarite nap kapab reponn ak yon parèy tonton pwoblèm ki devlopman lokal la ajenou” daprè sa li deklare.
Pou kounye a, sitwayen yo di yo pran desten yo an men, paske wout la pa sèlman yon kesyon sikilasyon, men yon kesyon sekirite ak siveyans.






