3 moun mouri san bat e plizyè lòt blese nan yon aksidan sikilasyon nan zòn Mòn Kayo, Pòdpè

245

02/12/2021

Pòdpè____(TRiboLAND) Yon gwo aksidan arive fèt nan lokalite Mòn Kayo a kèlke kilomèt vil Pòdpè aprè midi vandredi 12 fevriye 2021 an; yon parèy dram lakoz 3 moun arive pèdi lavi yo ak yon latriye lòt ki blese gravman grav kap pran swen sou kabann lopital imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè.

Daprè konsta ofisyèl jij Paul Blanc, dràm sa ki arive fèt nan moman yon ti kanntè ki tap fè twonson wout Pòdpè – Jan Rabèl arive al fwape ak yon gwo truck konpayi elektrik ki te mal estasyone e ki tap plase poto elektrik sou wout la ki te deja enpwatikab.

Machin sa ki te genyen anpil malere ak malerèz ki tap chèche lavi, krabinen nan trese lèl; e malerezman okazyone lanmò 3 moun pami yo yon ti inosan ki tap benyen nan san pandan ke tout ògann li te soti deyò.

Nap raple, anpil aktivite machin anjen lou pa sispan fè va e vyen sou plizyè zòn nan Ba Nòwès akoz yon seri aktivite woutyè gouvènman ap efektye nan plizyè komin. Paralèlman, a kèlke jou festivite kanavalès yo, nòdwès trouve li ant rejwisans ak dèy, yon sitiyasyon ki dekri fwajilite ak nesesite yon depatman ke leta federal toujou trete an paran pov.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.