Aksidan sikilasyon lakoz yon moun mouri nan Plezans

10 – 16 – 2024
Plezans, Nò, Ayiti______(TRiboLAND) Yon gwo aksidan arive fèt maten mèkredi 16 oktòb 2024 la nan zòn Labwadòm, Plezans. Selon enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND, aksidan fèt sou yon wout ki mennen sou yon pon ki te kraze.
Machinn nan ki tap soti anwo Pilboro, te genyen 3 moun abò. Aprè li soti tonbe plat anba, yon moun ki te pami twa sa yo ki te abò, arive mouri sou plas, e 2 lòt blese gravman grav.
Antouka, konsta to te bay anpil kè sere ak tristès ki pat pran tan pou anvayi kè temwen yo ki tap asiste sènn trajik sila.
Lapè pou nanm li .
Fondation Triboland Mombin-Crochu