Gwo ensandi dife nan Kalifònya: Otorite yo òdone evakyasyon 50,000 nouvo residan tou pwè Nò Sen Fwansisko

199
0
Share:
TRiboLAND

 Gwo van kap soufle nan zònn solèy leve nan Eta Kalifònya kapab anvlimen ensandi dife kap taye banda nan Eta El Dorado-a. Kidonk, otorite yo kap pwan gwo mezi pwevantif, òdone evakyasyon plis pase 50,000 rezidan jodi Samdi 26 Oktòb la nan Nò Sen Fwansisko nan Kalifònya kote ke ensandi “Kincade Fire” ap fè raj depi plizyè jou. Yo reyèlman konsène pou gwo van kap vante sou eta-a, pa chavire bonèt dife-a.

“Nap vanse ak evakyasyon plis pase 50,000 moun,” se deklarasyon Sherif rejyon Sonama-a, Mark Essick nan yon konferans pou lapwès jodi samdi maten an.

Dapwè Los Angelos Times, genyen plis pase 14 gwo dife aktiv kap taye banda nan divès forè nan Kalifònya. E pami dife ki pi anraje-a se dife Kincade la kap devore rejyon Sonama-a, tou pwè Sen Fwansisko depi Mèkredi swa, dapwè otorite anplas yo.

Antouka, genyen plis pase yon milye ponpye ak yon dizènn bonbadye dlo san konte yon santènn kamyon ponpye kap batay pou desann fe dife-a.

Share:

Leave a reply