Gouvènman Ayisyen fèmen fontyè pou egzije chofè dominiken yo paspò, viza, ak frè antre

227

01/30/21

Jovenel Moise bay yon gwo sezisman ak gwo kamyon machandiz dominikan kap kandale antre nan anvayi mache ayisyen an san onè san ti mouchwa.

Nan zòn fontalyè toupre Elias Piña, moun te kapab obsève yon latriye gro kamyon alinye e depasyante anba yon blokis anwo pa moute anba pa desann akòz nouvèl dispozitif ke otorite ayisyen yo pran pou fèmen fontyè a; yon kou zanzatann pou dominiken yo kid we genyen: paspò, viza ak yon frè 20 dola ameriken egzijans pou tout chofè kap antre sou tèritwa ayisyen an.

Dispozitif sa ki jwen sipò yon pakèt sitwayen ayisyen ki deklare ke li te lè li te tan; konsa, sa pràl pèmèt komèsan dominiken yo respekte sèvis migrasyon ayisyèn ak peye taks menm jan yo egzije pou ayisyen yo, lè yo travèse lòt bò panyòl.

Comments are closed.