Pòdpè: Yon minè touye yon lòt minè anba kout kouto

356

10\01\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Madi swa ki te 29 septanm 2020, yon minè touye anba kout kouto yon lòt minè nan Pon Grigri nan zòn solèy leve a kèlke kilomèt vil Pòdpè.

Daprè sa Komisè gouvènman an, Me Jean Volmy Bellamin rapòte bay TRiboLAND, yo te reyèlman sou emosyon lè yo te oblije pou premye fwa ap prosede ak arestasyon yon minè, Bervenson Ducasse ki ponyade ou touye Wikenley Dantinord anba kout kouto.

Se gras ak entèvansyon rapid fòs inite espesyalize yo ki te transpòte yo sou plas ki fè ke yon pakèt moun pat gentan bwile kay yon pastè ke yo te deja ansèkle pou mete dife sou baz ke kriminèl minè a te andan kay la. Se te yon veritab deblosaj pou fòs sekirite yo te arive sove Bervenson nan kay la, alòske kawoutchou ak krabinay vit machenn se sa ki pat manke. Li te pran jiska 1:00 am pou lòd te arive pran plas vyolans nan Pon Grigri, episant evenman trajik sa.

Selon enfomasyon TRiboLAND arive rekeyi, Bervenson touye Wikenley pou sèlman gde 50. Wikenley ki se zanmi Bervenson te envite li fè yon djòb a 2, ki se leve blòk yon pil blòk ansanm. Aprè djòb la ki te pou gde 50; Bervenson pete koken ak Wikenley sou pretèks se gde 250 mèt djòb la peye zanmi an.

Konsa, diskisyon mete pye, Wikenley rale yon koute pou te ponyade Bervenson; se konsa, nan eskive, Bervenson arive pran kouto a nan men Wikenley e ponyade’l an retou. Selon, enfòmasyon ki soti bò kote kèk temwen; djòb la te reyèlman koute gde 50.

Bervenson ki trouve’l koulya nan gadavu, ap rete tan swit jidisyè yon fason pou lajistis fè chemen li nan yon ka “lejitim defans” ki konplèks, kote ke akize a genyen sèlman 17 lane.

Comments are closed.