Doktè Pierre M. Peyan: Yon evantyèl kandida prezidansyèl, lanse yon seri aktivite klinik mobil

210
0
Share:
TRiboLAND

01/27/21

Latibonit_____(TRiboLAND) Depi anviwon yon sèmèn, Doktè Pierre M. Pean, kandida pou pòs prezidan, reprezantan dyaspora ayisyèn an, lanse yon seri aktivite klinik mobil k ap gen pou touche tout 10 depatman peyi Dayiti.

Apwè ke yo te fin layite zèl mouvman klinik mobil la nan depatman Nò peyi a, patikilyèman nan vil Kap-Ayisyen; jodi mèkredi 27 janvye 2021 an, se tou pa moun Lachapèl, komin Latibonit, kote ekip doktè Péan an, ki genyen nan tèt li, Mis Wichena ak divès lòt doktè te soti nan Nò pou blayi la sante sou moun Lachapèl.


Yon aktivite ki konte reyalize apati 3 etap si nou ta vle konprann responsab yo. N an premyè etap la, ekip la ap mete aksan sou aktivite medikal yo. Nan dezyèm etap la, yo konte mete divès sant medikal kap gen pou etann yo nan tout 10 depatman peyi Dayiti.E twazyèm etap la, dapwè ekip Dr Péan an, l ap gen pou reyalize lè doktè Péan monte nan tèt peyi dayiti kote y ap gen pou konstwi yon latriye lopital serye .

Antouka pou yo menm, pwoblèm sante a se youn nan pi gwo defi majè ki ta sipoze regle nan tout nivo nan peyi a.Teknisyen yo pandan aktivite saa,te pwofite pale sou kesyon gratèl pwa grate kap fè raj nan divès kòmin nan depatman an. Yo mande ak tout moun kole zepòl menm jan ak doktè Péan, yon mannyè pou rive delivre moso sante tout bon vre andedan peyi a.

Genson Hyppolite

Share:

Leave a reply