Yon lòt krim ankò: Ki lè nap finn kriye!

0 560

Pòtopwens___(TRiboLAND) 2 ajan sekirite (SNS).  tonbe anba bal bandi ki pa idantifyab jodi 7 Mas 2020 an nan zònn Montann Nwa, Petyonvil.

Sangwen yo asinen 2 malere ajan sekirite yo pandan yo te nan pòs yo nan kad sekirize yon antrepwiz.

Dapwè kèk temwayaj, malfwa yo finn komèt krim yo e pi yo pran zam ajans yo e deplase kèpòpòz san oken kontrent. Konsa, yon lòt weekend basen san, yon lòt kriye, yon lòt konstènasyon pou yon lòt krim anba zye swadizan leta ki pa egziste.

Leave A Reply