Nòdwès/ Spò : Premye tou chanpyona Entèzòn Nòdwès la boukle ak siksè

1,402

07-08-2022

Sou Direksyon Lig Foutbòl Pòdpè a, ak Fondasyon Osnel Clairilus, premyè edisyon chanpyona Entèzòn Nòdwès la boukle ak siksè. Yon chanpyona ki te kòmanse 17 jiyè ki sot pase la, avèk 12 ekip ki soti nan plizyè zòn nan depatman Nòdwès la, tankou: FC Classique (Basen Ble), FC Lion (Pwi Kouzen), Union de La Tortue, Mikado FC (Pòdpè), FC Citizen, MAEF FC, FC Zouk (Pòtaleki), FC Gran Lakou, FC Machel, AS Dorcas, Chevalier Noir, AS Charlet.

Premye tou konpetisyon sa boukle 7 jiyè 2022, 8 ekip jwenn biyè kalifikatif pou al jwe dezyèm tou a, ki se faz eliminasyon dirèk. Mikado FC, FC Citizen, FC Zouk, FC Lion, FC Gran Lakou, AS Dorcas, Chevalier Noir, ak FC Classique, se ekip sa yo ki pral jwe dezyèm faz konpetisyon sila kap kòmanse dimanch kap 10 jiyè kap vini la.

Nap raple ekip kap chanpyon nan konpetisyon sila, ap soti ak yon anvlòp 1 500 dola Ameriken, epi dezyèm nan 500 dola.



Comments are closed.