Mòl Sen Nikola : travay konstriksyon èpòt, fa liminez ak wout yo ap pran jarèt

219

01/27/21

Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) Padan pasaj chèf leta a nan fèt “Ladekouvèt” Mòl Sen Nikola 5 e 6 desanm 2020 an, Prezidan Jovenel Moise te anonse yon seri pwojè tankou konstriksyon yon Èpòt pou fasilite vwayaj aeryen nan rejyion an; yon Fa liminez pou ranfòse sekirite maritim vil la ki nan moman nap pale la, deja demare.

Selon Ajan Egzekitif Enterimè komin Mòl Sen Nikola la, Msye Fenel Aretus ke TRIboLAND t’ap kesyone sou telefòn, deklare komin Mòl Sen Nikola ofisyèlman an chantye depi lendi 25 desanm 2021 an.

Tout materyèl, teknisyen ki pou egzekite diferan travay sa yo, te deja sou plas, yon semèn aprè pasaj Prezidan Jovenel Moïse nan vil Ladekouvèt la. Fenel Aretus presize pou’l di ke travay yo ap vanse: “Mòn chen”, ki te yon menas pou lavi moun deja ap mete souri nan vizaj sitwayen vwayajè. Se menm konsta ki fèt sou wout Mòl pou al bout Bodmè Jan Rabèl kote yo deja jete ranblè sou divès wout sa yo.

Devan tout van lespwa pou reyalizasyon sa yo, Aretus ansanm ak popilasyon an pa sispan bat bravo lakontantman pou lokatè Palè Nasyonal la, yo di ki reyisi kenbe pwomès li yo sèjousi. Konsa, yo envite opozisyon an atravè tout peyi a bay dèyè’l 2 tap nan mete tèt ansanm ak Jovenel Moïse pou sove yon peyi ki alagoni.

Kesyon sou dat 7 fevriye 2021 an ki se limit manda konstitisyonèl Jovenel Moïse nan Palè Nasyonal la, Fenel Aretus, fè konnen pa gen wout pabwa, prezidan an dwe kite pouvwa 7 fevriye 2022.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.