Pòdpè: Yon group kominotè deside pwoteje machann kap bwase nan perimèt Pon Twa Rivyè

183

01/22/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan lide pou pwoteje ti machann kap bwase sou pon twarivyè nan komin Pòdpè; kidonk, pon ki relye ba nòdwès ak wo nòdwès la, divès jèn gason mete sou pye yon inisyativ ki vize retire ti machann yo anba grif machin ak motosiklèt lanmò.

Ti mesye sa yo, ki yo menm, te deside kolekte fon, peye teknisyen travo piblik yo pou netwaye yon espas kole kole ak pon twarivyè a, yon mannyè pou loje ti machann sila yo.

Junior kise yon nanm inityativ sila, deklare yo pa sèlman retire pwodui ak machann yo anba grif machin ak motosiklèt, men tou divès lòt inityativ deja kòmanse, tankou: latrin pou ti machann yo.

Yon lòt bò, Junior lonje dwèt jouda l sou responsab mèri Pòdpè a, kote anba je yo, ti machann yo t ap patoje nan pousyè, yo pat janm di yon mo alewè fè yon bagay pou yo! Responsab sa yo ki pa pè e pa krent chak fwa mache a fini, yo pran yon malen plezi pou yo vin vann plas.

N ap soulinye pou ou, nan vil pòdpè ak seksyon kominal ki antoure’l yo, machann yo se nan lari yo vann pwodui yo,sa ki lakòz chak jou aksidan nan prèske tout vil la ak zòn anviwonant yo.

Gensonhyppolite8@gmail.com

Comments are closed.