Michaelle Jean, nouvo Alatèt Fédération Haïtienne Football (FHF)

243

01/22/21

(TRiboLAND) Nan yon enfòmasyon ke li ran piblik, FIFA anonse ke Michaelle Jean, ansyen gouvènè jeneral Kanada a, se nouvo Alatèt Fédération Haïtienne Football (FHF) la ki pral chaje pou preside komite nòmalizasyon an ki genyen yon manda 2 lane kap fini nan mwa novanm 2023.

Akote Michaelle Jean ki se prezidan komite sa a, genyen egalman Monique André ki se vis-prezidan ak 2 lòt manm ki se: Jacques e Yvon Sévère. Antouka, epòk taye banda Yves Dadou Jean-Bart, ansyen prezidan FHF la ke FIFA te jwen li koupab nan poze zàk abu seksyèl ak jwèt sisinay sou yon seri ti jwè femèl ayisyèn.

Nap raple genyen apeprè 14 viktim ki temwanye kont Dadou, ki jounen jodi daprè yon seri enfòmasyon ki fè eta de kadejakè, Dadou Jean-Bart ta sanble jete kò’l e al kanpe nan Repiblik Dominikèn.

Comments are closed.