Ayisyen pwoteste ogmantasyon task : yo bloke mache sou fontyè a

1,787

09/04/2021

Dajabón, Repiblik Dominikèn______(TRiboLAND) Yon gwoup chofè ak machann ayisyen bloke pasaj fontalyè ant Wanament ak Dajabón pandan plizyè èdtan yè jedi a yon manyè pou pwoteste kont yon swa dizan ogmantasyon task “dispwopòsyone” ke ladwann ayisyèn enpoze sou machandiz kap soti nan repiblik dominikèn.

Pwotestatè yo bloke antre fontyè a bò kote dwànn ayisyèn nan e anpeche machin ak machandiz antre e sòti tou de bò fontyè 2 peyi yo.

Machan ak chofè pwotestatè yo plenyen anpil sou ogmantasyon siman anndan peyi a e apwè sa otorite sangwen yo vin ajoute yon lòt ogmantasyon task ladwann sou yo. Kamyon siman an pase 40, 000 goud pou rive 65, 000 jiska 70, 000 goud ke eskanmòtè yo vle fakture koulya.

Manifestan yo te reyèlman paralize aktivite komèsyàl yo sou fontyè a, e plizyè santèn vandè ak achtè ki te pase nan zòn Dajabón te arive bloke jiskaske manifestasyon bout apwè katòz èdtan.

Comments are closed.