Epidemi kolera LONI an ap baleye depatman Grandans lan.

905

01-20-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Apa pwoblèm, sosyal, politik, ekonomik e enfwastrikti  yo, depatman Grandans pa sispann ap fè fas kare ak difikilte. Epidemi kolera LONI an reparet tèt li pou yo ènyem fwa nan kèk komin depatman Grandans lan.

 Selon majistrat Madanm Eleine, ak responsab sante yo, sa pa gen lontan plizye moun kite genyen maladi kolera a pèdi lavi yo. Yo te arive mouri ak manifestasyon dyare, dezidratasyon ak vomisman.

Nan ka Pestèl lan, se yon pwoblèm dlo moun yo ap bwè nan zonn ki pa potab; konsa, sa lakoz moun yo trape kolera. Popilasyon Pestèl la, jwen yon ti lòsyè dlo, inikman lè lapli tonbe. Men fok nou fe remake, pou moman nap pale la, kolera a pa selman ap sakaje komin Pestèl, men li kwaze pye’l tou nan komin Dam Mari, Lèziwa, e menm nan prizon sivil Jeremi an.

Epidemi kolera LONI an, ap vale teren; li jwen sous li nan absans ijyèn ak itilizasyon dlo ki pa potab.

Konsa, Leta Santral via ministè sante ak patnè entenasyonal yo dwe miltipliye efò pote sekou yo, yon fason pou sove sa ki kapab sove, paske bwa a mare! Egzanp nan Jeremi, patikilyèman nan lopital Sen Antwàn, nan prizon, nan katye y oak nan kèk lot komin nan depatman Grandans lan, granmoun kou timoun ap mouri anba maladi kolera.

Li enpotan pou n signale pou fann TRiboLAND.com yo, genyen kèk moun ki pa dako se kolera moun yo genyen, se pito pwoblèm malnitrisyon ki ta fè gaz anpare yo ak dyare e vomisman ki provoke lanmò yo.



Comments are closed.