Mangwav Ofouno a: dènye baraj natirèl vil Pòdpè ki sou menas ekolojik

490
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan zòn Ofouno, nan sid vil Pòdpè, mangwav yo t’ap jwe wòl yon miray natirèl ki pwoteje rejyon kotyè yo kont inondasyon, ewozyon ak monte nivo lanmè. Malerezman, nan dènye ane yo, espas sa a sibi agresyon ekolojik grav: debwazman san kontwòl, deboulonnaj tè pou konstriksyon, depo fatra, ak neglijans total otorite yo mete biyosfè sa a an danje.

Mangwav yo pa sèlman pyebwa; yo se yon ekosistèm vivan. Yo sèvi kòm abita pou anpil espès pwason, zwazo krab ak anpil lòt òganism vivan. Plant sila yo ke anpil moun neglije, ede kenbe balans ekosistèm nan djanm, epi yo absòbe gwo kantite gaz kabonik. Nan Ofouno, kantite mangwav ki disparèt deja lakoz ti kanal natirèl yo ap bouche, dlo lanmè ap penetre plis anndan tè a, e popilasyon riral la pèdi mwayen pou lapèch ak agrikilti.

Otorite lokal yo, ansanm ak Ministè Anviwònman, dwe mete ijans sou dosye sila. Rebwazman, sansibilizasyon kominotè, epi mete restriksyon sou itilizasyon zòn lan nesesè pou sove sa ki rete.

Si mangwav Ofouno a disparèt nèt, se pa sèlman lanati ki pèdi; se avni agrikòl, lapèch, ak sekirite anviwonmantal vil Pòdpè kap an danje. Se pou sa, divès sitwayen nan zòn lan mete sou pye òganizasyon pou jere mangwav Ofouno a, ak lanse gwo SOS bò kote otorite yo.

Share:

Leave a reply