Me ki sa TRiboLAND konnen sou jounen protestasyon 18 novanm 2020 an alokazyon 217èm ane batay Vètyè a

404

11\18\20

  • Tout patizan ak konbatan sèktè demokratik e popilè a te reyini nan Kafou Resistans lan ki localize nan kafou èpòt la e te genyen nan tèt yo ansyen senate Youri Latortue e yon foul moun ke moun pa ka kontrole t’ap pran dirèksyon wout Delma.
  • Nan yon ti seremoni pap padap, prezidan Jovenel Moise te rann ero endepandans yo omaj; li depoze devan yon bouke flè nan mozole dèfen Papa nasyon an, Jan Jak Desalin ak Aleksann Petyon.
  • Anpil gro chabràk nan leta a san konte yon krèy nan PNH ak minis gouvènman an te akonpanye chèf leta a ak tout premye dàm nan nan depoze yon gro bouke flè devan pye ero yo.
  • Sa fè dezyèm fwa, prezidan peyi a chwazi pa pote tèt li nan Nò peyi a, pou onore ero yo nan Vètyè.
  • Foul ki t’ap pran dirèksyon Delma te tankou nich fromi t’ap pral fè fas ak yon kolònn ajan sekirite PNH nan zòn Delma 48; yon lapli gaz lakrimojèn eksesiv te anpeche manifestan yo avanse.
  • 2 manifestan ki t’ap woule sou motosiklèt te ranvèse ak frap yon machin lapolis ki te genyen ajan Brigade d’opèration et d’intervention départementale (BOID) ladan l; plizyè blese sa yo te oblije transpòte lopital.
  • Yon machin lapolis ki te nan zòn Delma 63 te anba gro flanm dife e manifestan yo tap voye anpil ròch.
  • Yon ponp gazolin te pran dife anba kolè manifestan yo.
  • Yon lòt seremoni pap padap te reyalize egalman nan palè nasyonal kraze a; kote ke chèf leta a t’ap adresel ak nasyon ayisyènn nan. Atravè entèvansyon li, lokatè palè nasyonal kraze a deklare ke li pa satisfè pou sitiyasyon pèp ayisyen an ki pa janm chaje pandan 4 lane leadership li genyen sou pouvwa a.
  • Yon sitwayen resevwa yon bal nan tèt e mouri soup las.
  • Yon lòt bò, Moise Jean Charles, ki se Alatèt mouvman Pitit Desalin te nan tèt yon foul moun ki bay toudisman ak yon chemiz rouj sou li; ansyen senate Nò a pat manke envite youn nan manm egzekitif Sèktè Demokratik e Popilè a pou rejwenn mouvman Pitit Desalin nan de preferans.
  • Yon joune protestasyon ki t’ap mande depa Jovenel Moise ke yo konsidere kòm yon enkapab e ki danse kole ak kò gang kap kontinye anglouti peyi nan lanfè.
  • Joune protestasyon 18 novanm 2020 an, se yon veritab konfrontasyon ak vyolans ant manifestan kap proteste kont ensekirite fas a yon kò polis ki melanje ak kò gang ki pa sispan jwe ak lavi moun anba yon gouvènman PHTK ki detèmine pou ekstèmine pwòp sitwayen lakay li chak jou Bondye mete.

Comments are closed.