Yon Nouvo Komisè gouvènman Pral Enstale Nan Tèt pakè Okap la, jodi lendi 10 jiyè 2023

Durand Charles, se non nouvo komisè gouvènman Okap la; li pral ranplase nan pòs sila a, komisè Ednod Placide, yon transfè ki kreye anpil machwè gonfle bò kote popilasyon an.
07-10-2023
Okap, Ayiti____(TRiboLAND) Daprè enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND, jiridiksyon Okap Ayisyen an ta sanble pral konnen yon nouvo komisè gouvènman, apati jodi lendi 10 jiyè 2023 a. Durand Charles, pral ranplase nan tèt jiridiksyon Okap la, Ednod Placide, dapwè yon sous moun ka fè konfyans.
Reyaksyon pa sispann aprè anons sila, kote divès manm nan popilasyon an nan dezyèm vil peyi a, fè konnen komisè a pap fè yon pa ki ta yon pa nago akòz se li ki kenbe jiridiksyon an sekirite. Plizyè sitwayen ta fè kwè se paske komisè a ap mache trake vakabon e detèmine pou fè tout bagay mache dwat ki ta lakòz gouvènman PHTK Ariel la ranplase’l.
Komisè gouvènman pakè Okap la, Ednod Placide gen pou li ranplase Mèt Durand Charles ki nan jiridiksyon Gran Rivyè Dinò.





