Sijè: Pozisyon Pati AAA sou zak asasinay Kòdonatè Ricot, ak jounen 17 Oktòb 2020 an

328


Dat: 14 Oktòb 2020

1-Elias, Erick DIOGENE alias Ricot, se yon papa pitit responsab, yon pitit gason ki te toujou pran swen fanmi li ak paran li, kèlkeswa sikonstans ki te prezante sou chimen lavi li; Potorik gason sa a, tonbe anba bal asasen jounen lendi 12 oktòb 2020 an vè 6 zè nan aswè nan yon kawach ki tou pre biwo senatè Youri Latortue, ke li te akonpaye kèk minit avan sa.

2-Enfòmasyon gran piblik la dwe konnen de potorik gason sa a ki tonbe a, Ricot, li te yon kòdonatè devwe e responsab ki te louvri premye kòdinasyon pati AAA nan Bèlè. Menm potrik gason sa a te blije vinn kanpe ak Senatè a depi 10 mwa pou te kapab ede l fè fas ak tout menas ki t ap vini sou Senatè a pa makònn e pa makèt nan tout sektè ki pa vle rapò Petwokaribe a fè chimen l pou pèp la jwen jistis ak reparasyon. Menm zak kriminèl sa pa epanye Dieuseul Duprat ki pran 3 bal, men ki rete djanm e k’ap batay pou l retounen kanpe ak nou.

3-Sa nou dwe apran de zak asasinay sa sou potorik gason sa, frè nou Ricot ki tonbe anba kout bal asasen jounen lendi 12 oktob la, li aprann nou pou nou pa janm bese lebra e pa janm kite nou ale sou chimen teren lenmi an, pou n pa janm aji menm jan ak lenmi an. Sa vle di kisa ? Sa vle di ke nou menm zanmi AAA, fanatik AAA, senpatizan AAA ak manm AAA, nou dwe toujou rete konekte ak vizion e filozofi pati a ki se yon pati ki vle jistis pou chak fanm ak nonm k ap viv sou bout tè d Ayiti a.

4-Nan sikonstans sa nou fache, se vre nou fache, nou menm an kòle, e se nòmal, men nou dwe toujou rete konekte ak prensip yon Leta Dedwa pou tout moun. E se pou sa nou dwe kontinye travay pou n tabli Leta Dedwa sa si nou vle Ricot jwenn jistis.

5-Nan lide pou n kontinye batay pou yon peyi kote tout moun gen menm chans ak opotinite, kote tout moun ka jwenn jistis sosyal, kote tout moun ka genyen menm kalite edikasyon, kote tout moun ka jwenn bon jan laswenyay, rekanpe prodiksyon nasyonal, rejwenn fyète nou kòm premye pèp nwa endepandan sou la tè e ki batay akote anpil lòt pèp pou te ede yo jwen libète pa yo; Pou tout rezon sa yo, nou menm pèp Ayisyen, nou pa dwe rete chita.

6-Jounen samdi 17 oktob 2020 an, nou dwe kontinye fè listwa nan lonè ak nan non papa Dessalines ki te tonbe pou nou yon 17 oktob 1806 nan pon wouj. Nou menm ki vivan e ki la toujou, nou dwe kanpe, pran beton an pou nou kapab kontinye egzije yon lòt peyi kote tout ayisyen kapab fyè de li, e mande jistis pou Papa Dessalines ak tout sila yo ki tonbe pou menm kòz la.

7-N ap profite okazyon an yon lòt fwa ankò pou nou di fanmi Ricot, zanmi Ricot, pwòch Ricot, pou yo rete djam, paske se sa Ricot te vle, epi n ap kontinye batay pou yon lòt Ayiti. N ap raple nou viktwa batay la se nan disiplin ak respè lavi, e se sa pati AAA rekòmande nou pou jounen 17 oktòb 2020 an.

Pou Ayiti, Nou pap janm bay Vag!

Comments are closed.