Mòlòskòt: Yon gwo mapou nan Laprès ayisyèn tonbe nan Florid

304

01/02/21

Florid____(TRiboLAND) Yon gwo mapou nan Laprès Ayisyèn tonbe trè fò nan Florid jodi samdi 2 janvye 2021 an; jounalis senyò, Ernest Laventure Edouard alyas “Mòlòskòt.”

Anfen nouvèl la tonbe jodi a avèk anpil fwaka ak sezisman, lòske Abner Gelin, pwopwiyetè Haitian Public Media (HPM) ki nan Florid t’ap enfòme TRiboLAND travèse pou Loryan Etènèl jounalis “Le monde est bouleversé” a ki dote de yon gwo pwofil “Les Grands Dossiers” sou HPM. Selon Mesye Gelin, Mòlòskòt mouri aprè ke li te fè yon bon bout tan ak yon maladi ki aprè tonbe nan yon faz tèminal.

Sante ansyen jounalis Radyo Kasik Entènasyonal la te toujou pa kòdjòm; sepandan eta sante li yè vandredi pwemye janvye 2021 te oblije yo kouri bwit sou kou nan sal dijans ak pwofesonèl la ki aprè selon PDG HPM nan te retounen lakay li.

Konsa, sa pat rete la, jodi sàmdi 2 janvye a, swen dijans te oblije vinn pran Laventure lakay li e transpòte li bwit sou kou nan sal dijans. Finalman li te nan entèval 11: 00 am pou 12 : 00 pm, jounalis “Grands Dossiers” a t’a pràl rann dènye soupi li kote ke li bay lemon do!

Mòlòskòt ki kite dèyè li yon krèy fanatik depi nan debi karyè li nan Radyo Kasik nan Pòtoprens rive jous nan Florid kote ke li pase anpil ane ap enfòme kominote ayisyèn ki te toujou sou kè’l.

Jounalis HPM nan ki te retire kò’l sou kadran prèske depi yon lane akòz maladi, mouri nan JFK Medical Center, nan Delray Beach, Florid a 59 lane. TRiboLAND prezante senpati li a tout manm fanmiy li, a Abner Gelin, PDG HPM ki pèdi yon fran kolaboratè e finalman a tout moun ke travèse jounalis “Le monde est bouleversé” a afekte.

Comments are closed.