Kwa Wouj peyi Lachin fè Kwa Wouj peyi Dayiti kado 5 anbilans

249

12/24/20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Selon kotidyen “Le Nouvelliste,” Kwa Wouj peyi Lachin fè Kwa Wouj peyi Dayiti yon don 5 anbilans wo nivo.

Responsab Kwa Wouj peyi Dayiti a, atravè Dr. Guiteau Jean Pierre, remèsye Dr. Zhu Chen, ki se numero 1 Kwa Wouj Chinwaz la pou yon parèy asistans ki gen anpil enpòtans antèm ekipman medical.

Anbilans sa yo ki se yon seri mak Toyota Land Cruiser, byen ekipe pou evakiyasyon medikal avèk yon sistèm GPS ak yon kamera nan dash yo ki pou promote kontak vizyèl. Anbilans sa yo, daprè Dr. Guiteau Jean Pierre ki t’ap rejwi, pral bay Kwa Wouj Ayisyèn yon bon bouràd sitou nan konbat propagasyon epidemi Kovid-19 la ki deja ap bay sakad anndan peyi Dayiti.

Li swetab, ke responsab ayisyen yo mete yon bon sistèm manajman anplas ki kapab pran swen anbilans sa yo yon fason pou yo pa tounen machin prive yon seri chofè ou otorite.

Comments are closed.