MSPP nan tèt kole ak patnè l yo mande kolabore pou pwoteje lavi moun ki kontrakre VIH/SIDA.

2,150

04/08/2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Ministè sante piblik ak popilasyon an nan peyi Dayiti, nan tèt kole ak patnè li yo tankou: PEPFAR, USAID e PANOS mande popilasyon an yon franch kolaborasyon nan lide pou elimine diskriminasyon kont moun ki kontrakte VIH/SIDA a.


Pou kore tèz sila, MSPP ak patnè li yo fè konnen diskriminasyon kont moun kap viv ak VIH/ SIDA se yon kansè ki kapab touye plis moun ke posib.

Fas ak yon tèl malè pandye, Ministè a fè tout moun konnen, atravè lopital yo, sant sante yo ke tout moun se moun, tout moun dwe gen menm dwa. Kit ou malad ou pa. Diskriminasyon kont moun k ap viv ak VIH/ SIDA a ka detwi lavi nou, goumen pou nou chanje sa.

Comments are closed.