Nan moman ke Ayiti ap pran sakad san parèy, gouvènman Luis Abinader a pa sispann manifeste yon atitid diskriminatwà kont tout sa ki ayisyen.

2,521

11/05/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Istwà politik nan repiblik dominikèn toujou montre majorite lidè nan peyi vwàzen sa toujou itilize ayiti ou migran ayisyen kòm cheval politik yo pou yo kapab twonpe vijilans pèp dominiken an oubyen pou benefisye mileyàj politik nan men yon pèp ki se yon viktim tou anba eksplwàtasyon ak kòripsyon nasyonalis.

Sepandan yon parèy pwatik pa diferan de sa jounen jodia gouvènman Luis Abinader ap aplike, nan chwàzi afiche yon atitid diskriminatwà kont ayisyen kap viv legal ou ilegal sou tèritwà vwàzen panyòl la. Abinader ki ta sanble soufwi yon pwetansyon pou fè tèt li pase kòm pi gwo dirijan nan Karaib la, chwàzi fè lachas kont tout sa ki anyisyen yon fason pou devye atansyon pèp dominiken an sou dosye ki enplike’l ra gagann nan “Pandora Papers” la .

Apwè ke li finn kotwàye anpil envèstisè ayisyen san konte diaspora ayisyènn nan ki ranfòse pwofi sou imobilyè nan repiblik Dominikèn e ki fasilite gouvènman panyòl yon pakèt avantaj bab e moustach odetriman efondreman ayiti, lidè a ki raple moun epòk pre-masak “el corte” a ki te kòmanse avèk pozisyon rasis, entimidasyon, anti-demokratik, ekspilsyon masiv ou netwàj etnik, ènn pou manipile vòt pèp dominiken an nan lane 1937 ki ta pràl debouche sou jenosid milye ayisyen sou gouvènman Trujillo a, Abinader pa sispann degaje negativite sou tout sa ki ayisyen sou pwetèks li genyen pitye pou Ayiti. Alòske aksyon lap afiche yo ale depaman ak sa lap deklare sou Ayiti.

Se yon seri aksyon “déjà vu” e yo pa etonan! Se menm pwàtik kwonik ou trans-istorik sa yo ki konpoze ADN politisyen tradisyonèl dominiken an ki toujou pran Ayiti kòm yon bouk emisfè pou demontre yon fòm patriyotism fawouch ki pa fwà travèse tout yon seri nòm demonkratik, Trete ak Konvansyon papye tenbwe.

Apwè lidè panyòl la deside sispann viza etidyan ayisyen yo e depòte nan yon ti bout tan plis pase 40,000 migran ayisyen;  koulya gouvènman  atake bisnis ayisyen ki envesti nan repiblik dominikèn. Plizyè biznis ayisyen viktim de yon afwon anba men otorite panyòl yo ki ale san onè retire e sezi drapo ayisyen ki pwopwiyetè yo plase devan pwòp biznis yo. Yon anti-ayisyanism tèt cho ki kreye yon sitiyasyon ki kòmanse bay dezolasyon lakay yon pakèt envèstisè ayisyen ki tap kouri pou lapli e tonbe nan larivyè.

Comments are closed.